Allocution en créole de la Secrétaire Générale Adjointe Amina J Mohamed à la séance En plénière de l’Assemblée Générale en hommage au décès du Président d'Haïti Jovenel Moïse (Le 14 Juillet 2021)

14 juil 2021

Allocution en créole de la Secrétaire Générale Adjointe Amina J Mohamed à la séance En plénière de l’Assemblée Générale en hommage au décès du Président d'Haïti Jovenel Moïse (Le 14 Juillet 2021)

DISKOU SEKRETÈ JENERAL ANNAPRE NAN ASANBLE PLENYÈ

OMAJ POU PREZIDAN PEYI DAYITI KI MOURI AN

 

14 jiyè 2021

Ekselans medam mesye, zami yo,

Nan non Sekretè Jeneral la, se avèk anpil lapenn nan kè m, mwen devan nou maten an. Ansanm ak Gouvènman an ak Pèp Ayisyen an n ap kriye pou lanmò Ekselans Prezidan Jovenel Moïse.

Jodi a se non sèlman yon Chèf Deta n ap di orevwa, men se te yon zanmi tou, yon papa, yon mari. 

Nou prezante kondoleyans nou e nou rann madanm li, Premyè Dam nan, Martine, omaj, ansanm ak timoun yo tou, Jomarlie, Joverlein ak Jovenel Jr. Kondoleyans tou pou tout Ayisyen ki wè lanmò trajik sa a tankou yon souflèt pou diyite ak souvrènte yon pèp, yon souflèt pou demokrasi a. 

Mwen te vizite Ayiti nan lane 2017 lè Prezidan Moïse te pran fonksyon l.

Nou te vwayaje al nan Sid peyi a, kote l te montre m ak anpil fyète, pwojè nan agrikilti, enfrastrikti ak enèji li ta p fè nan tout peyi a. Avèk anpil kè kontan, li te envite m monte chita bò kotel sou bouldozè sa a yon fanm t ap kondi, pou pèse wout mennen nan plizyè vilaj nan rejyon an.

Lè sa a nou te wè e nou te konprann vizyon l genyen pou yon Ayiti ki gen kouran elektrik toupatou, avèk enfrastrikti dirab e yon sektè agrikòl ki djanm. 

Jan Prezidan Moïse te konprann pakèt defi konplike, ki paka manyen nenpòt jan ke l te gen devan l yo, te enfliyanse anpil jefò nou pou fè pwogrese prevansyon konfli, kenbe ak konsolide lapè an Ayiti

Pandan l Prezidan an, Ayiti wè koze transmisyon kolera a derasinen. Dènye ka ki te siyale a se te an fevriye 2019. Ane pwochèn n ap an mezi pou anonse ke maladi sa a derasinen nèt ale. Nou ta te tèlmam renmen la bò kote l pou anonse bagay sa a … Men sa pa t gen pou fèt konsa.   

Ayiti viv anpil moman difisil deja. L ap viv de moman difisil kounye a la a.

Nasyonzini bò kote Ayiti nan yon patenarya. Yon patenarya ki la pou ede Ayiti soti nan apwòch ijans tout tan an pou rive nan solisyon dirab, pou l soti nan apwòch asistans la pou l travèse nan apwòch envestisman ak kowoperasyon pou devlòpman dirab, demokrasi ak opòtinite pou tout moun.

Pèp Ayisyen an pa janm sispann goumen pou diyite ak jistis. Nasyon fyè sa a reprezante valè sa yo depi l te vinn premye Eta endepandan nan Karayib la, lè l te libere tèt li anba lesklavaj ak kontwòl kolonyal, sa fè plis pase 200 lane.

Mwen kwè fèm valè sa yo ap pèmèt Ayiti ak pèp li a travèse peryòd difisil sa a e rive jwenn yon demen lapè ak pwosperite dirab pou tout moun.    

Repoze anpè Prezidan. Nou pa p janm bliye w.